Nou menm MATRIS LIBERASYON(ML), nou rale plim nou pou n make fen manda ansyen prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a jan konstitisyon amande 29 mas 1987 la nan atik 134-2 a di sa. Pa gen wout pa bwa. Manda ansyen patwon AGRITRANS/SOFIDAY la bout. Sa dwe make tou, pou pèp ayisyen an fen manda rejim PHTK a ki fini ak resous peyi a nan 10 lane sèlman nan tèt Leta a. Depi 6, 7 jiyè pèp ayisyen an te pran douvan pou l te konstate enpopilarite ak ilejitimite prezidan kògwoup la. 2 rapò senatoryal ak Kousiperyèdèkont lan, 2 enstitisyon nan Leta a, ta pral fè sòti non prezidan an 69 fwa nan rapò sila yo. Sa t ap fè nou konstate ilegalite misye Moïse nan tèt peyi a. Malgre sa, yon ansanm peyi ki transfòme tèt yo an sendika pou defann PHTK ki bay tèt yo yon ti non jwèt ki rele Kògwoup, sèmante y ap ede Jovenel ak tout gang/milis li yo bwè san pèp ayisyen an. Nou remake nan dat 7 fevriye 2021 an, nan yon fim koudeta trè mal monte, Jovenel Moïse al fè anlèvman yon jij ak yon seri fanmi tankou Buteau ak Gauthier pou n site sa yo sèlman, nan kay prive yo, nan Taba, a 2 zè nan maten. Li kontinye nan yon dekrè ki sòti nan dat 8 fevriye 2021 an pandan l kache dèyè do kògwoup la, atravè dekrè sila a, pou l non sèlman revoke 3 jij ilegalman nan kou kasasyon, men tou livre yon bon pati nan tèritwa peyi a bay kèk fanmi an n Ayiti k ap travay pou kèk gwo biznismann entènasyonal. Nou kontinye pran nòt tou kijan Lapolis la fè kèk militan ak jounalis tounen sib li atravè plizyè inite melanje ak
Gang/milis ame li yo. Nan moman n ap pwodui lide sa yo la a ansyen gouvèlman an lage nan chase militan ki opoze avèk li nan lage avi rechèch dèyè yo tankou kanmarad Youry Ralph Chévry. Alòs, se nan sitirasyon endiyan sa a n ap adrese pawòl sila yo ak peyi Etazini.
Nan lide pou n ride kanpe istwa 2 pèp sa yo (ayisyen/etazinizyen), n ap founi je gade dinamik batay yo konstui ansanm nan mitan solidarite tout lòt pèp sou latè. Konsa, nan rasanbleman bwakayiman (1791-1803) a, pèp ayisyen an te rive dewoute sistèm kolonyal-esklavajis lan pou l mete kanpe sou pye yon pwojè libètebyennèt pou tout moun. Epi, 60 lane ann aprè, an 1863, nan batay Gettysburg la, Etazinyen yo suiv menm chimen an pou te mete yon bout ak lesklavaj lakay pa yo. 2 jès sa yo make yon moman koupe fache nan liye dominasyon ak eksplwatasyon sou baz ras, klas, sèks elatriye, nan lemonn; sa ki an menm tan plase 2 pèp sila yo (Ayiti/Etazini) tankou 2 dwayen libète nan zòn Karayib/Amerik la an jeneral.
Pou n byen jarete lide sa a, pozisyon pèp sa yo se pi gwo ekspresyon volonte yon veritab batay pou moun te lib tout bon vre. Pou ka pèp ayisyen an menm, depi batay Savanah a, yo te montre, depi nan boujon yo, kouman pou trase chimen pou solidarite entènasyonal la djayi. Se devwa tout pèp k ap goumen, depi yon lòt pèp an danje, nan diyite, pou yo ride l travèse yon moman istorik difisil. Nan sans sa a, se avèk anpil lapèn n ap gade jan relasyon istorik pèp sa yo ki ta dwe makonnen ansanm, rive nan yon nivo dekwazman istorik, kote yo chak pran yon kan/wout diferan. Pèp ayisyen an ki rete kole ak defans sakre dwa tout moun atravè pozisyon yo nan enstitisyon entènasyonal yo; paregzanp, nan lanne (1939-1945) aprè dezyèm gè mondyal yo, malgre rapò komèsyal/zanmitay nou te marinen ak ansyen metwopòl Lafrans, nou te toujou vote kont yo pou n te ride dekolonizasyon kontinan afriken an nan peryòd (1960) yo. Poutan, lè n foure je gade nan fon listwa nou, pa menm yon fwa nou te jwenn sipò lòt dwayen an (Etazini) lè sa ta petèt fè santi l; okontrè, se plis nan twou yo konn abitye mete n, sitou nan kad premye okipasyon militè yo te ba nou nan dat 28 jiyè 1915 lan, yon okipasyon ki te gen tan konn manifeste depi XIXvyèm syèk la sou diferan gouvèlman pase yo nan plizyè domèn nan lavi sosyete nou an
Agresivite, pèsekisyon, tantasyon rasis anti-ayisyen Etazini atravè depatman politik li vin ap devlope kont peyi a, men tou kont pwòp istwa pa l (puiske l te koumanse defann kèk valè mounite) anvan sa, sa difisil pou jwenn yon rasin eksplikasyon pwòp, si se ta pa yon mannèv dominasyon/eksplwatasyon ki ta abite gwo flibistye lakay yo. Nan ideyal pèp ayisyen an, nou ale pi lwen pase tout pwopozisyon retwograd pou n ta fèmen nan yon senp demach komèsyal, rasis, klanik ki pa marande ak zak zansèt nou yo te poze depi 14 dawout 1791 lan. Se vre nou pa yon gwo pèp ki nan finans entènasyonal dominasyon flibistye- rasis lan, men valè fondalnatal nou yo chita sou defans diyite moun, pi gwo prensip sosyal lavi sou latè. Se sa a menm ki chita referans, adrès pèp ayisyen an. Premye pèp lib sou latè. Sa a dwe klè nan tèt tout Leta kolonyal, rasis: nou lib nèt. Se yon devwa nan mitan volonte inite istorik pèp ayisyen an, jan papa NANCHON an, Jean-Jacques Dessalines Le grand te vle sa, lè l te vire ranmase diskou istorik Boukman nan anndan Bwakayiman an, nou dwe rete soude pou defann dwa nou nan sèman sa a: libète osnon lanmò.
Mache sou 13 ou pou w pa pile 14 nou, se yon rèl patriyotik ki eksprime endiyasyon nou kòm avangadis fas ak tout pozisyon gouvèlman etazinyen yo pran depi digdantan kont pèp Ayisyen an; men se yon jefò tou pou tabli yon relasyon senbolik-mistik ki chita sou nimewoloji nonm 13 lan nan imajinè kolektif 2 pèp yo (Ayisyen ak Etazinyen).
Nan sans sa, nan bouske chache kwaze kèk fèy papye listwa, nou tonbe sou 13 pozisyon zwèzo bèk fè a nan tantasyon rasis li kont pèp ayisyen an. 13 pozisyon kote l deja pase 13 zepin ki anba pat Èg la nan figi peyi a. Volonte politik Gouvèlman etazinyen an, se rive, nan yon tantasyon rasis-enperyal, mete sou kote 13 zan batay ak selebrasyon viktwa pèp ayisyen an (1791-1804) kont mondyalizasyon, modènizasyon ak machandizasyon fòs travay pèp oprime yo ki te nan lojik « repartimientos » pisans anti sosyal yo ( Lespay, Lafrans, Pòtigal, Langletè, Lawoland…). Nou vle raple Kògwoup la an jeneral ak Etazini an patikilye, bay kou bliye, pote mak sonje. Se pou yo rale plim yo, epi make 13 fwa 13 pozisyon yo pran deja ki montre vrè vizaj rasis yo genyen pou koukouman pèp ayisyen an nan malsite pi plis toujou epi efase sèman pou lavi zansèt nou yo te fè sou san yo depi 14 Dawout 1791 lan!
Men 13 pozisyon lanmò gouvèlman etazinyen yo kont pèp Ayisyen an:
1- An 1868-1869, prezidan Sylvain Salnave, fas ak advèsè politik li yo, te tanmen chèche èd gouvèlman etazinyen an. Sekretè Deta etazinyen epòk la, Fish, li te vle non sèlman negosye pou l pran kontwòl zile panyòl yo (peyi dominiken yo), men tou pou te pran wout komèsyal » Môle St-Nicolas » sou bò pa nou an kòm rekonpans. Salnave li menm, pa t deside antre nan demach lan (Manigat: p.438). Poutan, Salnave ta pral dechouke, ansasinen nan lanne 1869 nan yon veritab konplo byen monte. Èske se poutèt misye prezidan an pa t satisfè konpòtman aloufa èg la ki fè yo kite kòsasinay sou li a fèt? Literalman nou rive sezi zak sa a tankou yon zak yon opòtinis k ap chèche konnen ki lè w an difikilte pou l fè dappiyanp sou richès ou.
2- 1883-1884, Prezidan Lysius F. Salomon te abòde etazinyen yo nan menm sans ak Salnave pou l te rive konsolide osnon asire pouvwa l fas ak opozisyon politik moman an (Manigat: p.438). Lè n foure je plis pou n gade, prezidan Salomon te rive modifye kèk lwa jis pou l te bay kèk avantaj ak kèk etranje ki te Ayiti sou dwa pwopriyete ki te parèt kòm yon baryè pou pwoteje dwa grandètmajè peyi a. Prezidan an te livre eksplwatasyon forè bay fransè ak kèk etranje etazinyen (Paul Moral: p.50). Se menm jan an tou Fabre Nicolas Geffrard pou l te asire libète komèsyal li, te rive aksepte eksplwatasyon forè peyi a. Edmond Paul, yon save ayisyen nan diznevyèm syèk la pa t met dlo nan bouch li pou l te kritike politik pouvwa sa yo, patikilyèman zak Salomon yo nan yon liv ki rele: » la cause de nos malheurs ». Sa a rive fè n sezi pikan kwenna sa yo la lontan, enterè etranje a, konpòtman divize epi bwote a, sa la lontan nan mouvman listwa nou. E sa t ap kontinye.
3- 27 dawout 1889, nan mitan mete men politik ant Florvil Hyppolite ak François Denys Légitime, blan rasis etazinyen yo tranche dirèkteman pou Hyppolite. Yo tranche pou pouvwa Hyppolite la te remèt yo « Môle St- Nicolas » pou kontwole wout maritim komès yon gwo pati nan mond lan nan. Si se pa t vijilans pèp ayisyen an, lòt rival etazinyen yo tankou: Lafrans, Lalmay, Langletè ki te gen enterè sou tèritwa a epi ladrès Anténor Firmin, rasis yo t ap debake sezi « Môle St- Nicolas nan men nou (Manigat: p. 441). Nou kontinye wè tradisyon byen long politik divizyon-rasis diferan pouvwa mèsenè Etazini yo ap aplike nan peyi a depi digdantan. E, sa pa t fini la.
4- 7 novanm 1914, palman ayisyen an rive vote Davilmar Théodor.
Yon mwa sèlman aprè vòt lan (10 desanm 1914), poutèt Tonton Sam remake nou nan yon kriz politik tèt chaje, li egzije pouvwa an plas la yon seri prensip pou l ka sipòte l, tankou: kontwòl dwàn peyi Dayiti, likide Môle St- Nicolas, transfere bank peyi a bay finansye etazinyen yo. Konsa, prezidan Théodore ki te pè mobilizasyon popilè a nan peryòd lan, malgre l pa t yon moun ki te twò fèm nan politik li, misye te refize pwojè dappiyanp ak vòl sa a.
Nan menm mwa desanm sa a, bòt fere yo, lame maren etazinyen yo te debake, yo te leve rezèv lò bank santral peyi a ki te evalye ak anviwon 500.000 dola vèt ki te pou garanti refòm monetè peyi a. Zak sa a te rive febli Leta a, koupe tout tantiv pwojè sosyal epi koupe tout sous garanti pou gen aksè ak prè entènasyonal sa vle di pou n te « solvable » nan vokabilè finans entènasyonal kominotè a. Sa te anfouraye nou pi plis, epi kenbe kriz lan nan gòje jouktan Vilbrum G. Sam te met do Théodore atè (Jean Fouchard: p. 309). N ap kontinye konprann toujou se nan kriz nou Yankee jwenn bonè l.
5- 9 mas 1915, touswit aprè Vilbrum Guillaume Sam fin pran pouvwa a sou kriz politik moman an, yon delegasyon tou nèf blan etazinyen debake vin mande pouvwa a aplike yon konvansyon pou yo ka sipòte l. Delegasyon sa a te gen nan tèt li Paul Junior Fuller, Fort ak Smith. Yo te mande pouvwa Sam nan pou l te livre yo Môle St- Nicolas yon lòt fwa ankò. Bò kote pa l, Minis Ulrick Duvivier, reprezantan pouvwa ayisyen an, avèk anpil ladrès, voye pwojè etazinyen yo jete nan poubèl. Epi, kòm se Siryen yo ki t ap jwe wòl koutye komèsyal pou Etazini pou fè konkirans sou mache ayisyen an fas ak lòt komèsan yo tankou: ewopeyen-kretyen- kapitalis-oksidantal yo, sitou komèsan ayisyen yo, pouvwa an plas la te mennen yon politik anti siryen ki te deranje Yankee yo anpil. Blan rasis pouvwa Etazini yo pa t pran tan nan angrave kriz la, epi veye kòlè pèp la fas ak kèk move desizyon pouvwa Sam nan te konn pran, pou te debake vin aplike politik rasis- kapitalis yo a an Ayiti nan pran kontwòl peyi a militèman 28 jiyè 1915(Jean Fouchard: p. 314). Nou rive wè kouman nou pa kapab toujou retire blan Etazini mete sou kote nan kriz peyi a. Epi nou dwe retire voye jete byen lwen tout lide ki ta fè kwè se ayisyen poukò yo ki reskonsav premye okipasyon peyi a e menm tout malè nou an aprè, pandan yo voye jete pwojè konvansyon an ak dappiyanp, vòl ki te fèt sou rezèv lò peyi a anvan menm debakman militè 28 jiyè 1915 lan. Pèsistans peyi èg la ta pral kontinye fè wout li nan malsite peyi a.
6- Eleksyon 11 dawout rasis-okipan 1915 yo mete Sudre Dartiguenave kòm sèl kòk chante pou ratifye epi aplike » convention haïtiano-américaine » nan ki te la pou liberalize, ouvè vant mache ayisyen an bay blan etazinyen, bese tout taks sou pwodui ki sot lakay yo k ap antre nan peyi a, kontwole finans peyi a nan benefis « exclusif » pwodiktè Ezetazini yo. Nan menm sans sa a, yo rive pran kontwòl politik peyi a nan enpoze nou yon konstitisyon ki ekri lakay yo nan dat 18 jen 1918 pou bay etranje dwa pou pran tè peyi a libelibè. Sa ki te rive fè yo te pouse do peyizan yo vre epi enstale yon seri endistri nan lojik kapitalis entènasyonal yo. Avèk Dartiguenave yo rive plase yon diktati nan tèt peyi a kont rezistans peyizan yo, kote yo touye Charlemagne Péralte ak Benoît Batraville kont enterè mas yo (Lucien: pp.93-96). E se nan aplike politik ekonomik pou entènasyonal kominotè a yo rive pouse do peyizan nou yo al an Dominikani, Kiba, elat. Sa rann nou vin sibi masak 27.000 ayisyen yo an 1937 nan Dominikani. Yon masak ki te antre nan kad pou jete fòs travayè yo te fin itilize yo e yo pa t bezwen ankò. Nou pa janm sispann wè blan yo pa inosan nan mizè peyi a, tankou Sanmba Keb ta di l nan yonn nan mizik li yo.
7- 10 avril 1922 ta pral gen eleksyon. Enperyalis etazinyen yo sipòte ansyen minis « affaires extérieures » gouvèlman Dartiguenave la, Louis Borno, kote misye sa a pa t ranpli kondisyon pou vin prezidan peyi a. Borno pa t elijib paske paran misye yo pa t natifnatal peyi a. Poutèt sèlman misye te avoka gwo biznis rasis- enperyalis yo an Ayiti, li t ap defann enterè envestisè sa yo byen, yo te fè yon kout fòs pou enpoze misye nan laprezidans. Alòs, lè misye rive nan tèt peyi a nan dat 15 me 1922, rapidman etazinyen yo enpoze peyi Dayiti yon prè ki te evalye a anviwon 22, 9 milyon dola vèt. Prè sa a ta pral ogmante dèt » extérieures » ak » intérieures » Ayiti. Yo rive fè prè a pou yo ranmase kèk richès peyi a ki te gen tan ap peye Lafrans yon lòt pami dèt ki te koumanse nan lane 1825 yo. Se kòmkidire yo achte dèt Lafrans lan pou nou pandastan nou t ap remèt etazinyen yo lajan an ak enterè. Sa ki fè, non sèlman nou te toujou dwe Lafrans, epi nou vin ap remèt plis lajan toujou puiske nou dwe remèt Yankee yo lajan an ak enterè. Sa a bay yon dèt marasa ki foure nan twou mizè a pi fon toujou (Lucien: pp 136-140). Nou pa bezwen pase nan 4 chimen, janbe 4 kafou, nou tounen yon veritab sous richès pou devlope Etazini ak lòt pisans enperyalis. Blan/etranje sa yo toujou fè mikalaw nan kriz nou yo. Yo pa t kanpe, yo te rete kinalaganach nan piye peyi a.
8- 1930, 2 zan annaprè eleksyon yo, blan rasis etazinyen yo rive kontwole rejim Sténio Vincent an ki te di tèt li l se nasyonalis. Etazinyen yo rive kanpe dèyè rejim nan pou l te pouse tout kalte atak kont fòs pwogresis, nasyonalis osnon sosyalis/kominis peyi a. Se nan sans sa a, pouvwa anplas la arete Jacques Roumain (kominis), epi fè kòsasinay sou Joseph Jolibois Fils (nasyonalis) (Hector: p. 20). Objektif yo te klè, se rive frennen tout kouran lavi, kase rèl mas yo, yon mannyè pou kite » receveur financier » yo pou kontinye trennen tout lajan taks peyi a bay bank etazinyen yo, epi louvri vant peyi a pou pwodui yo ka antre libelibè. Enperyalis la, malgre sa, te kontinye pouse bourik li. Yo kontinye fè chimen yo nan kriz peyi a.
9- 1957 vin rive, nou vin tonbe nan anbyans elektoral nan moman an.
Nan dat 22 sektanm 1957, blan rasis etazinyen yo rive mete François Duvalier nan tèt peyi a. Duvalier ki te yon ansyen bousye gouvèlman etazinyen an, ansyen konsiltan misyon sante enperyalis etazinyen yo an Ayiti, te jwenn tout kalte sipò anbasad Yankee yo ak Depatman Deta pou l te pran pouvwa a. Se te anba gwo koken gouvèlman etazinyen an rive enpoze Duvalier nan tèt peyi a. Konsa, nan Lagonav ki te gen 13, 300 elektè, yo rive konte 17, 568 moun ki vote pou Duvalier. Nan zile Latòti sou sèlman 900 elektè anrejistre, yo konte 7,500 bilten pou Duvalier. Touswit aprè eleksyon sa yo, Olphand, ansyen anbasadè Yankee yo nan peryòd la, bat bravo pou l eksplike » jounen elektoral sa a pase tankou nan yon zòn andeyò blan etazinyen okipe ki trè pezib (Arthus: pp. 71-
72). Alòs, tout magouy, kabouyay sa yo ki t ap pase nan eleksyon an se pou enperyalis-rasis yo te kontwole mouvman politik entènasyonalis ki t ap deplòtonnen nan zòn nan. Rasis yo rive sèvi ak Duvalier nan zòn nan pou tabli yon diktati/bout di pandan 29 lane. Avèk diktati sa a yo rive chase tout rezistans fòs pwogresis yo, maspinen epi touye anpil jenn sosyalis ak kominis nan peyi e menm kèk senp opozan ak rejim Duvalier a. Anpil fanmi disparèt nan peyi a, tankou fanmi Jumelle ak fanmi Benoît nan peyi a. Duvalier yo ansanm ak fòs fè blan enperyalis Yankee yo, foure dwèt yo byen long nan kès Leta peyi a. Nou t ap monte yo gwo maswife politik. Malgre tout evelman sa yo, rasis yo rive mete yon tranzisyon politik pou te fè ti pas kout ak kèk militè yo te gen kontwòl. Yo pa janm pa la. Malè peyi a pa grandi san Etazini.
10- 1986, Malgre pèp ayisyen an rive monte mòn tranzisyon-pyèj la pou l te fè 16 desanm 1990, bourik chaje pa t vle kanpe. Bourik la te tèlman pa t vle kanpe, li mache sou san pèp la 7 mwa annaprè rèl elektoral desanm 1990 yo pou l te fè koudeta 11 sektanm 1991 lan. Kèk temwanyaj rapòte menm 16 desanm nan yo pa t ap kite n fè, si se pat rèl Antoine Izmery a midi nan menm dat sa a, kote blan an t ap fè presyon sou lidè mas yo nan moman an, Jean Bertrand Aristide, pou l te koule bay Marc L. Bazin pase, lidè liberal yo a. Kontèks bourik chaje pa kanpe a, se kontèks revizyon politik divizyon-rasis entènasyonal yo nan peyi a. Alvin P. Adams, ki te ansyen anbasadè etazinyen yo nan peyi a nan peryòd fen ane 1980 koumansman ane 1990 yo, deklare: » bourik chaje pa kanpe » (Le nouvelliste 3 dawout 2012). Malgre volonte anbasadè a pou l te fè yon eleksyon pou yo te kontwole, volonte mas popilè yo te fòse l kontrenn jeneral Prosper Avril demisyone. Poutan, ajennda anbasadè a te klè, se te koudeta 11 sektanm ki t ap manniganse. Koudeta sa a, yon bò, selon plizyè temwanyaj anpil reskape, lage anpil fanmi ayisyen yo nan mawon, anpil arestasyon ak zak maspinay sou militan yo; yon lòt bò, OIM (Organisation Internationale pour les Migrations) te pwofite mennen yon politik migratwa pou kase ren mouvman popilè a nan fasilite epi elwaye chak militan nan yon peyi diferan pou demobilize aksyon politik popilè yo. Rejim FRAPH (Front Révolutionnaire pour l’Avancement et le Progrès d’Haïti) a te rive fwape mouvman popilè yo jouk nan venn li. Sa pa t menm ase pou peyi a, yo ban nou yon anbagwo 3 lane, yo fèmen peyi a sou nou jouktan nan dat 15 oktòb 1994, yo retounen ak Jean-Bertrand Aristide nan peyi a, men ak yon fòs okipasyon plizyè nasyon sou direksyon Etazini. Yo pa t sèlman vyole dwa nou politikman, yo te tou anmize yo vin kraze rès ekonomi peyi a ak anpil lòt lwa komèsyal pou louvri vant li nan kad globalman sa nou rele yon politik ekonomik koukouman, mizèrere ki gen ti non jwèt: neyoliberal. Malgre tout sa yo, te toujou rete yon lespwa pou mouvman mas popilè yo. Blan etazinyen yo te kontinye nan tantasyon pou pran kontwòl tout enstitisyon peyi a.
11- 2000, nan kad operasyon elektoral mwa me yo, ta pral genyen yon editoryal ki te sòti 27 mas 2000 anba kout plim Jean L. Dominique. Editoryal sa a te fè yon kout je sou yon akò ilegal ant KEP a, anba direksyon Léon Manus, ak CNO a, sou direksyon Léopold Berlanger. Akò sa a te bay CNO yon pouvwa men longè sou tout dewoulman elektoral la, tankou: resevwa tout dokiman ki gen rapò ak eleksyon yo, otorize reprezantan KEP yo. Sak pi tèrib la, se manm CNO yo ki gen pou fè pwosè vèbal sou sa k ap pase nan biwo vòt yo lè dokiman orijinal yo osnon kopi yo pa disponib. Pou anpil obsèvatè, tout sa se kareman vyolasyon lalwa elektoral la nan atik (158-159) li. Editoryal la fè kwè Berlanger t ap manniganse yon konplo pou kraze Lavalas depi lontan. Genyen tou pwofesè Wesner Emmanuel ki te fè kwè, nan yon konvèsasyon anrejistre ak Berlanger, depi 1990, nonm nan te vle kraze Lavalas ki te yonn nan senbòl rezistans popilè nan peryòd la. Pi lwen, nan dat 3 avril 2000, swa 3 jou aprè editoryal la, yo te rive fè kòsasinay sou Jean Léopold Dominique, epi 21 me 2000 nou ta pral tonbe nan yon veritab kriz elektoral. Pwojè sa a ki t ap mitonnen sou do mas la pandan lontan, ta pral bay 29 fevriye 2004S. Se vre gen anpil gwo kesyon sosyal ki t ap poze anfas rejim Lavalas la nan epòk la, men nou te deja konprann gen yon konplo tou depi lontan pou te fann tout pratik politik popilè nan peyi a. Franchiz, gagòt, koripsyon, okipasyon se te kèk nan makfabrik tranzisyon rasis- enperyalis yo te tabli nan peyi a. Malgre gwo koudeta politik sa a, mas la antre nan eleksyon, li fè 14 me 2006. Li te kontinye nan lari a pou l fè revandikasyon l yo pase nan grangou klowòks an 2008 ak tout batay salè minimòm anfas grandonboujwa ak Leta l la. Blan Yankee goumen yo enpoze peyi a definitivman yon Leta vwayou an 2011.
12- 14 me 2011, aprè gagòt CIRH (Commission Intérimaire pour la reconstruction d’Haïti) ansyen prezidan etazinyen yo Williams Bill Jefferson Clinton ak tout madanm li Hilary Clinton, akonpaye ak kèk manm nan oligachi a; yo rive kontwole machin elektoral la pou yo enpoze Michel Joseph Martelly sou pouvwa a. Ricardo Antônio Sylva Seitenfus, youn nan gwo potanta nan politik entènasyonal la ki te reprezantan nasyonzini ann Ayiti, montre klèman nan liv li ekri a » l’échec de l’aide internationale en Haïti », kote se manipilasyon politik ki te voye Martelly nan dezyèm tou. Avèk monte Martelly sou pouvwa a, rejim nan louvri vant peyi a nèt bay Yankee yo. Yo lage Ilavach ak zile Lagonav nan men flibistye entènasyonal yo, yo gagote plis pase 4,2 milya dola petwokaribe a nan akò pèp Venzyela a ak pèp ayisyen an. Konsa, yon ekip bandi legal, fanmi ak zanmi vin rich toudenkou. Yo simaye zam nan tout katye popilè yo pou prepare retou yo. Nou vin tonbe nan yon veritab Leta delenkan. Lè pèp la leve kanpe pou chavire rejim nan, yon anbasadè etazinyen, Kenneth H. Merten, nan dat 8 mas 2012, nan kad akizasyon doub nasyonalite ki te peze sou do Sweet-Micky, ta pral deklare Martelly se yon ayisyen pou l te anpeche yo kontrenn rejim PHTK premye moso a (Le nouvelliste 16 dawout 2016). Tablo sa a ta montre nou, se kòmsi Barack Hussein Obama (prezidan etazinyen yo 2008-2016) ta renmèt peyi a bay yon fanmi fiblitsye entènasyonal, Clinton. Pandanstan sa a, pèp ayisyen an te kontinye batay san pran souf pou te fè 22 janvye 2016, kote yo te bloke yon eleksyon zenglendo pou te fè n vale ti poul kay boujwagrandon yo melanje ak entènasyonal kominotè a, Jovenel Moïse. An fevriye 2016, yon akò anlè te vin mete Jocelerme Privert sou pouvwa a. Men sa pa t ap anpeche rasis yo kontinye met pye sou kou peyi a.
13- Novanm 2016, nan yon kou pa konprann, lidè politik yo kite blan an foure yon konze tankou Jovenel Moïse nan gòj pèp ayisyen an. Malgre pil ak pakèt fwod ak iregilarite ki te karakterize pwosesis elektoral 2015 lan kote rapò CIEV (Commission Indépendante d’Évaluation et de Vérification Électorale) la te montre tout koudeta elektoral rejim PHTK a te fè, kèk lidè politik te dakò etazinyen yo retire pèp la sou sèn politik la pou bay vwayou/bandi legal yo pouvwa a nan sousi pou anpeche tout pwosè sou tout krim finansye ak san òganizasyon entènasyonal yo fè kit se nan dosye CIRH/ Clinton lan, kit se nan dilapidasyon lajan Petrocaribe a kit se krim Nasyonzini fè an n Ayiti nan Kolera ak kadejak! Bill Clinton parèt tankou yon veritab Leclerc finansye, ou ta di sitirasyon sa a sanble tèt koupe ak yon novanm 1803 pou w te vin fè koutye pou kèk kapitalis entènasyonal. Tout chirepit yo ant klas sosyal parèt klè kou klèwoz. Sa a san ble tèt koupe ak kalfou mangonmen kote mete men klas yo klere tankou n te nan plen lalin. Malgre yon seri masak, zak kòsasinay kraponay, sèl sa linèt rasis etazinyen yo byen wè, se eleksyon-seleksyon dèmalòg ak krèy elektoral Jovenel Moïse la. Rasis yo te byen konnen moun tankou Jovenel yo se dwèt long siperyè. Yo jis ban nou tyoul- konze a pou fè n peye bwakayiman, epi montre nou se sèl vwayou ki ka dirije peyi a. San n pa bliye tou yo jwenn kèk manm ki nan opozisyon-trayizon ki pa janm sispann reve palè nasyonal tèt dwat. Menm si gen san, gen pèsekisyon, gen entimadasyon, gen egzil politik, konze nan opozisyon an panse yo ka pran pouvwa a. Sa ta vreman di pou okipasyon militè etazinyen yo ta kite n menm san yon tikal etik politik. Epi, jan nouvo piyajè entènasyonal yo ap gade peyi a ak linèt magouyè yo a, nou ta di yo pran tout pèp ayisyen an pou bouki y ap vin met nan paradi krèy elektoral.
Nou menm nan MATRIS LIBERASYON (ML), aprè 7 fevriye ki sot pase a la kote manda Jovenel Moïse te fini, nou sezi wè jan peyi rasis yo kontinye ap sipòte yon malè pandye konsa sou tèt pèp ayisyen an. Douvan je tout moun pouvwa ilegal sa a ki san lejitime popilè, chita ap bwè san pèp ayisyen an. Yon kolonn fòs fè nwa nan Lapolis la, nan anbasad etazinyen, nan Nasyonzini, ak nan katye popilè yo ki gen yon federasyon gang/milis ki rele G9 an fanmi e alye, kontinye ap masakre epi kidnape militan, jounalis ak tout rès kò sosyal ki pa danse kole ak diktati. Nan sans sa a, nou ranmase fòs nou nan vizyon istorik bwakayiman an, pou n di blan flibistye-rasis yo, pinga, de may sou chenn yo! Nou di yo mache sou 13 yo pou yo pa pile 14 nou! Ogou feray di l kanpe la! Lakou a pa san mèt menm si kèk nan sila yo w ap trete avèk yo nan lakou a se mèt dam, se konze nasyonal. Nou konprann byen lide ki abite lòt konstitisyon ou vle foure nan ti gòjèt pèp la. Sa yo sanble tèt koupe ak konstitisyon 1918 ou te fè n vale a. Bay kou bliye, pote mak sonje! Nou tèlman sonje mouche blan, nou sonje se ou ki te ban nou lame 28 koudeta a, nou sonje se ou ki te ban n makout, atache, bandi legal ak Lapolis represyon-gansterize sa a. Ou ban nou anpil vre. Nou konprann ti jwèt kouri dèyè moun lakay nou pou n vin ak moun pa w vin ranmase richès nou yo. Ou sonje jan w te kraze pwodiksyon nou an 1915, epi an 1922 ou tounen ak 200 siwo-libanè yo nan peyi a pou w te vin reprezante koutye ekonomik pou ou. Non, nou pa bliye an 1922 ou toufounen tout inisyativ ekonmik nasyonal prive tankou piblik nan peyi a pou w te vin tabli gwo konpayi entènasyonal ou yo lakay nou. Reyalite sa a fè Ayiti pèdi tout deviz li yo, li desann valè monnen nasyonal nou an pou layite lajan pa w la. Se pou sa menm ou kont tout konpayi nasyonal nou yo, epi an menm tan w ap mande chanje konstitisyon pou ou, se jis pou ranmase kèk byen peyi a rete nan rezèv li pou ou drennen bay flibistye-kapitalis lakay ou yo. Jodi a sa a se rèl tout pèp ayisyen an pou di non! Nou granmoun nèt! Bwakayiman fèt, se fini! Nou p ap janm bliye nou te met Napoléon deyò ak fòs kouraj nou nan Sendomeng. Nou kanpe la kòm yon ranpa pou n goumen kont pwojè dappiyanp sa a yo. Pwojè pran tout, pa kite anyen an pap pase. Pèp ayisyen an se grenn pwonmennen.
Bibliyografi :
ARTHUS, Wein Weibert. Duvalier à l’ombre de la guerre Froide. Presse de l’imprimerie S.A. Port-au-Prince, 2014.
FOUCHARD, Jean. 2007. Histoire d’Haïti (1804-1990). 2 tomes. Port- au-Prince: Éditions Deschamps.
HECTOR, Michel. 2007. L’engagement politique de Jacques Roumain de 1927 à 1936. (Conjonction: 217-218. La revue franco-haitienne de l’institut Français d’Haïti).
LUCIEN, Georges Eddy. 2013. Port-au-Prince: une modernisation manquée. 2 volumes. Port-au-Prince: UEH.
MANIGAT, Leslie F. Év entail d’Histoire Vivante d’Haïti 1789-1999.
2002. 6 tomes. Montréal : CHUDAC.