Matris Liberasyon koube l byen ba devan kouraj popilasyon k ap madebat anba chay mizè, represyon, kidnapin ak krim kap fè l monte lesyèl pa do a.
Yon lòt kote, Ekip Matris Liberasyon an boulvèse anpil lè l ap konstate tire kòd k ap fèt nan laprès parapò ak grenn pwojè ki charye lespwa popilasyon an pou l pa tonbe nan twou san fon.
Pwojè 30 Dawou Akò Montana a se youn nan dènye zèl kat ki rete makònen ak batay popilasyon an pou libere n anba pwojè mafya yo ki deside enstale yon Kawo total kapital nan peyi a.
Anplis soufrans, monte gaz san limit, move kondisyon lavi, chomaj, ensekite, KOLERA, gouvènman ki pa vle louvri lekol; se bri konplo 7 tèt BINUH kap klewonen pou etenn tout ti etensèl limyè lespwa.
Matris Liberasyon ap fè tout peyi a konnen kòd lonbrik li mare ak yon sèl konba : « Batay pou pi bon kondisyon lavi ak jistis pou pèp Ayisyen an ». MATRIS LIBERASYON P AP ASOSYE L AK OKENN PWOJE KOTE SE MENM AKTÈ TANKOU ARIEL KI PRAL JWE WÒL MAJÒ JON POU KONTINYE MENNEN PEYI A SOU CHIMEN DERIV SAN PYE NI TÈT.
Nan sans sa, Matris Liberasyon fè apèl ak serenite ak inite nan mitan ELI YO, tout konpozant Montana yo, pou n kontinye fè yon blòk solid, epi kore batay popilasyon kap toufe anba pouvwa twazyèm vèsyon PHTK , anba boujwa retwograd ak kò gwoup Kriminèl, pou n voye yon siyal patriyotik. Raple nou byen se nan tèt kole zansèt nou yo te rive kase chenn lesklavaj , sèl yon bon tèt kole ka pèmèt nou rive chavire pouvwa konze ak trèt sa yo, pou peyi a ka respire.
Nòt sa pa dwe fini san nou pa voye SOLIDARITE nou ak tout militan ki retwouve yo dèyè bawo nan kad militans yo pou lavi miyò, pami yo, yon militan konsekan tout moun konnen sou non BAB. Matris rete kwè pyès moun , wi pyès moun pa dwe ap sibi pèsekisyon politik.
Avangad politik paka kwaze bra yo pandan Kògwoup ak PHTK ap sere kòd krim ak mizè nan kou peyi a!
MOBILIZE, MOBILIZE, MOBILIZE!
NOU PA DWE FÈ BAK ! NOU PA GEN DWA FÈ BAK !
SI NOU PA KONTINYE BATAY, N AP MOURI GRENN PA GRENN.
Pou otantifikasyon : Biwo Sekretarya santral Matris Liberasyon ma*****************@gm***.com
«Yon ML pou akouche yon lòt sosyete ki granmoun tèt li, k ap batay pou pwogrè.»