Akademi Kreyòl Ayisyen lanse ofisyèlman aktivite pou selebre Jounen Entènasyonal lan manman. Se jounen mèkredi 5 fevriye a AKA òganize seremoni sila a nan lokal li devan divès reprezantan laprès ak patnè li yo.
Nan okazyon an, Prezidan Akademi an Pierre-André PIERRE esplike rezon ki fè AKA chwazi tèm ane a ki se : « Respekte Lang Manman timoun yo, se respekte dwa yo !» Prezidan an mete aksan sou enpòtans lang manman an dwe nan lavi chak Ayisyen.
Madam Stéphanie ST-LOUIS ki se reprezantan Ministè Kilti te pran lapawòl nan sikonstans lan tou pou l raple angajman Ministè a pran pou l kore selebrasyon mwa Lang Manman an epi tou pale sou enpòtans kreyòl genyen nan pratik atistik yo nan peyi a, nan edikasyon nou…
Seremoni an te fini ak lekti yon tèks Atis, konpozitè, pawolye Pierre Rigaud CHERY ekri pou selebrasyon Lang Manman an.