Nòt pou laprès Nou kondane ak tout fòs, espri Papa Dessalines mete nan nou, zak kriminèl, tewowis ki fèt nan Okap la jodi samdi 28 avril la, kote aktè yo te mete lavi plizyè santèn jenn gason ak jenn fanm an danje pou ti enterè politik mesken ak pou pwoteje dilapidè lajan petwokaribe yo.
Nou menm nan Pitit Desalin, n’ap ekzije jistis ak reparasyon pou viktim yo ak fanmi yo. Kelkeswa pati ou ti gwoup vanpi ki rèsponsab zak terib sa dwe jije ak kondane douvan yon tribinal.
San pitit Okap yo koule, zantray vil la viktim, kou sa pap pase san otè entelèktyèl yo ak tout moun ki ekzekite plan makab sa pa peye pou krim sa yo fè a, fòk la jistis mete tout machin yo an branl, jiskaske yo rive bay pep la jistis.
Ankèt sa dwe trè fasil pou lapolis, ki di ke yo te fouye chak moun ki te rantre nan sal konferans lan depi devan pòt dantre a. Pis la dwe fasil paske lapolis konnen kiyès yo pat fouye, ou du mwens, ki sekirite ki ta va enplike tou (tout sa posib, nou p’ap ekate okenn pis).
òs fè nwa yo panike, yo kontinye wete lavi pèp Papa Nanchon wan, men nou pap lage, nou fenk kare goumen pou yon lòt sistèm, yon lòt sosyete, yon lòt rejim kote tout pitit peyi Dayiti ap ka gen menm chans pou yo reyisi.
Nou koube nou byen ba devan depouy animatè Jacques Dubois kite plis ke yon bon pitit pou vil Okap. Nou voye senpati n ak sipò’n pou chak moun ki viktim nan kò yo, nanm yo ak kè yo. N’ap di nou chak mwen la pou’m akonpaye’n JISKOBOU!
Nou regrèt fòs fè nwa yo ap fè dosye fon petrokaribe a tounen yon dosye politik.
Pèp Ayisyen, nou dwe optimis n’ap jwenn kòb petrokaribe a kan menm! Jou fèy bwa tonbe se pa jou li plonje..
Pa bliye pèp Ayisyen, nou pi pre ke pou n ta pi lwen, tren mobilizasyon wan lanse, nou pap kanpe, nou pwale jiskobou, jiskaske sistèm pouri sa derasinen !
Aba dilapidè lajan Petrokaribe yo, viv pèp mobilize a anba lonbraj papa Desalin lan! Viv Ayiti!
MOISE JEAN CHARLES
SEKRETÈ JENERAL PLATFOM PITIT DESSALINES